Accessibility links

Breaking News

Konferans Sou Limit Emisyon Diyoksid Kabòn nan Lè a


Reprezantan prèske 200 peyi kòmanse yon rankont k ap dire 2 jou e kote yo pral santre atansyon yo sou yon antant sou kesyon pou konnen kijan yo ka limite emisyon diyoksid Kabòn –sètadi gaz ki, daprè espesyalis yo, responsab anpil pou chanjman ki fèt nan klima a.

Delege k ap patisipe nan Konferans Nasyonzini sou Chanjman Klima a nan Doha, nan peyi Katar, pral pran pozisyon espesyalman kont yon pwolongasyon Pwotokòl Kyoto a.

Pwotokòl sa a (yon akò kap rive nan bout li ane sa a) te oblije peyi devlope yo koupe 5 pou san sou emisyon CO2 k ap fèt lakay yo dekwa pou l desann rive pi ba pase nivo li te ye nan ane 90 yo.

Peyi ki ponpe nan lè a pi gwo kantite gaz yo (tankou Etazini ak La Chin) pat siyen akò sa a, tandiske Larisi, Japon ak Kanada di yo pap siyen okenn dokiman ki mande yon pwolongasyon Pwotokòl Kyoto a.

Si lòt peyi yo aksepte siyen yon nouvo akò pou mande pwolongasyon pwotokòl la, sa tap bay sèlman yon rediksyon apeprè 15 pou san nan tout kantite gaz kap polye lè a nan lemond.
XS
SM
MD
LG