Accessibility links

Breaking News

Bangladesh: Omwen 110 Moun Mouri nan yon Dife Ki Pran nan yon Faktori


Otorite yo nan Bangladèch di ponpye rive kontwole yon dife ki pete nan yon izin kote yo fè rad tou prè kapital la, Dhaka, yon jou aprè yon lòt dife te koze lanmè anpil moun nan yon lòt faktori.

Ponpye di nouvèl yo pa rapòte okenn blese grav nan 2èm dife a ki pete nan yon bilding 12 etaj e kote plizyè faktori ap fonksyone tou prè kapital la.

Dife a fè anpil dega nan bilding nan. Plizyè milye anplwaye nan endistri tekstil la òganize manifestasyon tou prè kapital la pou yo mande pi bon pwoteksyon aprè yon dife te koze lanmò anpil moun nan yon lòt izin rad byen ta samdi 24 novanm nan. Bilan : 110 moun pou pi piti te pèdi lavi yo.

Kèk anplwaye te prese lage kò yo anba, anvan sekouris te rive sou plas.
XS
SM
MD
LG