Accessibility links

Breaking News

Ejip: Leve-Kanpe Kont Prezidan Morsi ap Kontinye


Nan peyi Lejip, moun ki pa dakò ak gouvènman Prezidan Mohammed Morsi a pran daso yon biwo pati li a -Pati Fratènite Mizilman an- genyen nan nò peyi a. Mouvman sa a pwovoke yon lese-frape ki koze lanmò yon moun tandiske 40 lòt pou pi piti blese.

Lidè pati a di viktim nan se yon jèn gason 15 zan; sepandan moun pa konnen egzatteman kijan li fè pèdi lavi li nan konfwontasyon sa a ki dewoule dimanch 25 novanm 2102 la nan vil Damanhour, ki sitiye olon Flèv Delta a.

Jèn nonm an se premye moun ki mouri depi militan refòmis ak liberal te kòmanse pran lari pou yo pwoteste epi denonse Prezidan Morsi poutèt li bay tèt li kèk pouvwa eksepsyonèl nan yon dekrè li te fè pibliye jedi pase a.

Lidè Pati Fratènite Mizilman an pa dakò ak desizyon sa a. Midhat al-Hadad, dirèkte jeneral biwo administratif pati a, deklare:
"Nou pa sèvi ak vyolans, ni non plus tou nou pa mande moun sèvi ak vyolans. Nou byen konnen kisa nou peze, menm jan nou konnen pwa opozan n yo. Men, map deklare pèsonèlman nou pap janm sèvi ak vyolans; se ak lalwa sèlman nap sèvi pou nou koresponn ak zòt."

Nan dekrè Misye Morsi fè parèt la, li entèdi lajistis defye okenn nan desizyon li ta pran; daprè li, se yon mwayen pou akselere tranzisyon demokratik la nan peyi Lejip.

Kèk obsèvatè pa pèdi tan pou lanse kritik e di prezidan an vle enstale yon diktati nan peyi a, menm jan ak lidè ki te la anvan n nan, Prezidan Hosni Moubarak. Militan Hafez Ismaiel pale pou l di :
"Anvan tout dyalòg, Prezidan Morsi fèt pou l rantre dekrè li fè pibliye a; paske li pèdi konfyans nou e nou pa kwè nan pwomès li ankò."

Machedlabous peyi Ejip la anrejistre yon bès preske 10 pou san dimanch, nan moman envestisè yo bay premye reyaksyon yo aprè desizyon Prezidan Morsi pran an ; se yon reyaksyon tou pou mouvman pwotestasyon sitiyasyon sa a pwovoke.

Gwo bè sa a se youn nan pi gwo pèt mache a konnen depi mouvman leve-kanpe popilè ki te dire plizyè semèn e ki te ranvèse rejim Prezidan Mubarak la ane pase a.
XS
SM
MD
LG