Accessibility links

Breaking News

End : Ekzekisyon yon Militan pou Atak Sou Vil Mumbai la an 2008


Nan peyi Lend, otorite yo ekzekite sèl sivivan nan yon gwoup militan ame ki te touye 166 moun nan yon atak yo te lanse nan vil Mumbai nan lane 2008. Non militan sa a se Mohammed Ajmal Kasab ki mouri pann nan yon prizon nan vil Pune, tou pre Mumbai.

Ministè sekirite enteryè a nan eta Maharashtra, kote Mumbai sitiye a, deklare ekzekisyon an se yon omaj pou moun ki te pèdi lavi yo nan atak la.

An 2010 la jistis te kondane Ajmal Kasab --ki se yon sitwayen pakistanè-- pou asasina, zak teworis ak patisipasyon n nan lagè kont peyi Lend.

Nan yon premye tan akize a te plede non koupab; men apre sa li te rekonèt patisipasyon n nan atak la ki te dire 3 jou.
XS
SM
MD
LG