Accessibility links

Breaking News

Etazini-Diplomasi: Vwayaj Dijans Sekretè Deta Clinton nan Mwayen Oryan an


Sekretè Deta Hillary Clinton prale nan Mwayen Oryan an Madi 20 novanm 2012 la sou desizyon Prezidan Barack Obama
Sekretè Deta Hillary Clinton prale nan Mwayen Oryan an Madi 20 novanm 2012 la sou desizyon Prezidan Barack Obama
Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran desizyon pou l depeche chèf diplomasi li a, Hillary Clinton, nan peyi Israyèl, nan Ramallah, kapital tèritwa palestinyen Gaza, e nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, pou li rankontre ak lidè rejyonal yo, nan moman yon konfli ki pete ant Izrayèl ak gwoup militan HAMAS, ki kontwole tèritwa Gaza-a, rive sou 7èm jounen li --konfli kote lame Izrayèl ap vide gwo koutzam sou tèritwa a, tandiske militan Hamas yo kontinye lanse kout wòkèt sou peyi Izrayèl.

Madam Clinton genyen pou l fè deplasman an depi madi 20 novanm 2012 la, kote li prale nan vil Jerizalèm pou l rankontre ak premye minis israyelyen an, Benjamin Netanyahu. Li genyen pou l fè chita-tande tou ak otorite Pouvwa Palestinyen an e ak dirijan peyi Lejip yo nan kad yon vwayaj kote, daprè La Mezon Blanch, Ii pral santre atansyon n sou enterè Lèzetazini nan rechèch yon solisyon pasifik pou konfli a.

Jiskaprezan, diplomasi pa rive fè atak yo sispann. An palan de efò diplomatik, dènye mouvman ki fèt nan kad rechèh yon solisyon pou konfli a, Konsèy Sekirite l’ONU an fè yon reyinyon ki dire byen ta lendi, kote anbasadè yo pa rive jwenn okenn antant. Sekretè Jeneral Ban Ki-moon, ki debake lendi nan vil Lekèr, lanse yon apèl madi pou l mande yon sesefe imedyat nan atak yo aprè yon rankont ak Sekretè Jeneral Lig Arab la, Nabil Elaraby. Misye Ban di –nap site:

“Mwen isit la pèsonèlman pou m lanse yon apèl ki mande yon fen nan vyolans la e pou m ofri asistans mwen nan efò kap fèt pou jwenn yon seselfe. Mwen isit la tou pou m prezante senpati kòdyal mwen ak kondoleyans sensè mwen pou anpil viktim ki tonbe nan konfli a, espesyalman fanmi viktim yo.”

2 belijeran yo, Izrayèl ak Hamas, pale pou di yo dispoze aksepte yon solisyon diplomatik; men tou yo pare pou yon sitiyasyon ki pi grav si diplomasi pa bay bon rezilta.
XS
SM
MD
LG