Accessibility links

Breaking News

Atak Izraèl sou rejyon Gaza a antre nan 6e jou l


Operasyon militè Izrayèl lanse pou l bloke atak ak kout-wòkèt gwoup militan
Hamas ap lanse sou peyi a, antre nan 6èm jounen li Jodi lendi a. Medsen
palestinyen yo di 10 moun pou pi piti mouri maten an.

Daprè sous medikal toujou, kantite moun ki pèdi lavi yo depi Izrayèl te kòmanse operasyon an mèkredi 14 novanm pase a, monte rive 87 omwen, tandiske kout-wòkèt militan HAMAS yo lanse sou izrayèl, touye 3 sivil.

Otorite izrayelyen yo fè konnen, nan sòti avyon militè yo fè pandan nannuit la pou leve maten an, yo vide koutzam sou 80 pozisyon sou tèritwa Gaza a –pami yo genyen anpil sou katye-jeneral polis ki anba direksyon gwoup militan HAMAS, mete sou pozisyon souteren kote militan yo rete pou yo lanse wòkèt sou Izrayèl, ak tinèl yo abitye itilize pou yo prepare operasyon yo.
XS
SM
MD
LG