Accessibility links

Breaking News

Pwojeksyon Film « Toussaint Louverture » nan Anbasad Dayiti nan Washington.


Dimanch 18 novanm 2012 la ap make 209èm anivèsè dènye konba ki te debouche sou endepandans peyi Dayiti, Konba « Vertières » la. Nan okazyon an, Anbasad Dayiti nan Washington ap pwojte yon film sou youn nan ewo nasyonal peyi a, Toussaint Louverture.

Responsab aktivite kultirèl nan anbasad la, Stéphane Rosenberg, di Lavwadlamerik objektif inisyativ sa a, se pou misyon diplomatik la apiye efò atis ayisyen yo. Nan ka film sou Toussaint an, atis ayisyen ki an vedèt la se Jimmy Jean-Louis ki, tankou Madam Rosenberg di sa a, se yon gwo non deja nan Hollywood e li genyen popilarite tou ann Ewòp, pi presizeman nan peyi Lafrans –dayè se li ki aktè prensipal nan film nan, kidonk se li ki jwe wòl Toussaint Louverture.

Responsab aktivite kiltirèl anbasad la kontinye pou l di se yon fèt eskprè si pwojeksyon film nan ap fèt nan dat anivèsè Konba “Vertières” la -18 novanm 2012 la- menm si Toussaint pat la nan dènye konba ki te gen pou debouche sou pwoklamasyon endepandans peyi Dayiti nan dat premye janvye 1804. La a, Madam Rosenberg di, avèk rezon dayè –nap site: « Si pat genyen yon Tousaint Louverture, pa tap genyen Vertières. »

Sanble pwojeksyon film sa a pral genyen gwo siksè paske, daprè anbasad la, responsab yo te oublije kouri fèmen enskripsyon yo te ouvè pou te ka gen yon ide sou piblik ki dizpoze deplase pou ale wè film nan, tèlman gen moun nan zòn metwopolitèn Washington nan (Ayisyen kou etranje) ki enskri pou yo kapab prezan nan aktivite kiltirèl sa a.
XS
SM
MD
LG