Accessibility links

Breaking News

Air Force One Sou Wout pou Kontinan Azyatik la


Prezidan Barack Obama abò Air Force One nan baz ayeryèn Andrews, nan Eta Maryland. Li sou wout pou Lazi (17 novanm 2012).
Prezidan Barack Obama abò Air Force One nan baz ayeryèn Andrews, nan Eta Maryland. Li sou wout pou Lazi (17 novanm 2012).
Prezidan Barack Obama twouve l nan Air Force One (avyon prezidansyèl la) kap mennen li sou kontinan azyatik la kote li gen pou vizite peyi Tayland, Bimani avèk Kanbòdj. Se premye deplasman Misye Obama aletranje depi li te ranpòte eleksyon madi 6 novanm nan ki ba li yon 2èm manda sou pouvwa a.

Objektif toune sa a, se atire atansyon sou enpòtans administrasyon amerikèn nan atache nan rejyon azyatik la nan moman lap eseye reyalize angajman li te pran pou l bay ekonomi amerikèn nan plis jarèt pandan 4 ane an plis prezidan Obama pral pase sou pouvwa a. Administrasyon an fè konnen plizyè fwa deja politik etranjè Lèzetazini ak angajman li a letraje pral fikse sou avni relasyon peyi a avèk kontinan azyatik la.

Lè Misye Obama va rive nan Bimani lendi 19 novanm nan, lap tounen premye prezidan ameriken kap vizite peyi sa a ki pran dispozisyon pou l sòti anba yon kontwòl militè sere-boulon ki tap domine pèp biman an depi plizyè dizèn dane. Toune Misye Obama ann Azi a ap dire 3 jou.
XS
SM
MD
LG