Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Reprann Operasyon Militè li nan Gaza


Izrayèl deside mete fen nan yon seselfe li t ap obsève pandan vizit Premye Minis ejipsyen an nan Gaza aprè militan palestinyen kontinye tire kout wòkèt sou pati sid peyi a. Lame Izrayèl reponn avèk yon atak ak bonm li lanse sou pati nò Gaza e ki, daprè otorite palestinyen yo, touye yon lòt moun.

Izrayèl te anonse li tap kanpe operasyon militè li a kont Bann Gaza a pandan premye minis ejipsyen Heshem Kandil tap nan rejyon an, men se toutotan militan Hamas yo tap sispann atak pa yo.

Misye Kandil debake nan Gaza byen bonè vandredi 16 novanm 2012 la e pwogram vizit li a te prevwa li tap pase 3 zèdtan sou tèritwa.

Anvan Izrayèl te reprann operasyon an, avyasyon militè l la te lage yon pakèt trak pou mande abitan Gaza yo rere lwen gwo building ak tout enstalasyon ki anba kontwòl zèl ame gwoup militan Hamas la.

Pandanstan, otorite yo nan Pouvwa Palestinyen an repete apèl yo te lanse bay Konsèy Sekirite l’ONU an pou mande li fè yon jan pou Izrayèl sispann operasyon n nan.

Minis Defans Lèzetazini an, Leon Panetta, reyaji pou l di sitiyasyon kap evolye nan Gaza a bay moun rezon pou yo gen kè-sote.

Misye Panetta di :"Nenpòt kilè vyolans eklate nan Mwayen Oryan an –kèlkeswa kote a- sa dwe bay kè-sote; paske ou pa janm konnen egzatteman ki kote sa pral rive."

Chèf Pentagòn nan Leon Panetta deklare tou li espere pati konsène yo va rekonèt nesesite pou yo retounen bò tab negosaysyon an pou yo chache yon akò ki ka debouche sou yon lapè pèmanan.
XS
SM
MD
LG