Accessibility links

Breaking News

Lafrans ap Konsidere Leve Anbago Zam sou Siri


Lafrans fè konnen li pral mete sou tapi a posibilite pou leve anbago zam sou Siri nan lide pou ede rebèl yo goumen kont gouvènman Bashar al-Assad.

Minis afè etranjè fransè a, Laurent Fabius, deklare nan yon entèvyou li bay, peyi l ta renmen travay sou yon plan kowòdone pou Siri aka lye ewopeyen l yo.

Madi 13 novanm ki sot pase la a , Lafrans tounen premye peyi ki rekonèt opozisyon inifye ki fèk fòme kont gouvènman prezidan siryen an, Bashar al-Assad.

Prezidan fransè a, François Hollande, ki t ap abòde dosye a nan menm jounen madi 13 novanm nan, fè konnen li konsidere kowalisyon inifye rebèl ki fèk fòme a kòm sèl reprezantan lejitim pèp siryen an ak gouvènman ki gen pou fòme nan lavni nan yon Siri demokratik.

Mesye Hollande gen pou l rankontre lidè koalisyon siryèn nan samdi kap vini la a nan vil Pari, an Frans. Etazini bò kote pal refize rekonèt tolalman koalisyon sa a .
XS
SM
MD
LG