Gouvènman peyi Pakistan an aksepte lage kèk prizonye taliban afgan pandan chita-tande otorite yo ap fè avek manm Wo Konsèy Lapè Afganistan an nan kad efò k ap fèt pou pote rekonsilyasyon nan peyi a.
Gouvènman afgan an gen lontan depi l ap chache jwenn liberasyon prizonye yo pou fasilite pwosesus lapè a ki te bloke. Moun poko konnen egzakteman konbyen prizonye ki pral jwenn liberasyon yo, ni idantite prizonye sa yo.
Chèf Konsèy Lapè a, Salahuddin Rabbani, rive nan Pakistan pou chita-tande yo avèk gwo otorite pakistanè yo --pami yo genyen Prezidan Asif Ali Zardari, Premye Minis Raja Pervez Ashraf ak kòmandan lame a, Jeneral Ashfaq Parvez Kayani.