Accessibility links

Breaking News

Etazini: Nominasyon Jeneral John Allen kòm Kòmandan Fòs l’OTAN Bloke


Minis defans ameriken an, Leon Panetta, deklare li kontinye genyen konfyans ke jeneral John Allen pral rete nan pòs li kòm kòmandan fòs militè Lèzetazini yo nan Afganistan, malgre enplikasyon jeneral la nan yon eskandal ki debouche sou demisyon direktè Ajans Ransèyman Lèzetazini an (CIA), ansyen jeneral David Petraeus.

Sepandan, kesyon ap poze pou mande eske Jeneral Allen pral okipe pòs kòmandan l’OTAN ann Ewòp, jan Prezidan Barack Obama te vle fè sa a.

Misye Panetta fè premye deklarasyon piblik li sou afè a nan peyi Ostrali, kote lap patisipe nan yon rankont sou kowoperasyon estratejik bilateral.

Pandan chèf Pentagòn nan tap bay yon konferans pou laprès ansanm ak Sekretè Deta Hillary Clinton, li di pèsonn pa ta dwe prese eksprime lide negatif sou Jeneral Allen. Misye Panetta di:

"Pèsonn pa ta dwe prese tire okenn konklizyon la a. Jeneral Allen ap fè yon travay ekselan kòm kòmandan fòs entènasyonal la. San di pètèt, mwen kontinye mete konfyans mwen nan li pou dirije fòs militè nou yo e pou l kontinye batay la. Men, nominasyon n kòm kòmandan fòs l’OTAN yo rete kanpe, annatandan nou rive konnen tout verite sou afè a."

Bò kote pa l, Sekretè Deta Hillary Clinton fè konnen Jeneral Allen se yon mèrin onorab e yon kòmandan ki jwe yon wòl enpòtan nan misyon l’OTAN nan Afganistan. Madi 13 oktòb la, Prezidan Obama te deside bloke pwovizwaman nominasyon jeneral Allen nan tèt fòs l’OTAN yo.

Sepandan, pòpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, di laprès Misye Obama, li menm tou, kontinye gen konfyans nan jeneral la e li genyen yon bon opinyon sou misye e sou travay li fè pou peyi a.
XS
SM
MD
LG