Accessibility links

Breaking News

Chin: Prezidan Hu Jintao bay Demisyon l nan Tèt Pati Kominis la


Nan Lachin, Prezidan Hu Jintao bay demisyon n ofisyèlman kòm chèf pati kominis la; konsa li prepare chemen an pou Vis Prezidan Xi Jinping okipe pòs lidè peyi a.

Pandan Prezidan Hu tap pale nan dènye jou kongrè pati a ki dewoule nan Gran Sal Pèp Peken an e ki te dire 8 jou, li atire atansyon delege yo sou le fèt ke, kòm dirijan peyi a, yo dwe ini yo nan moman Lachin ap anbake nan yon tranzisyon kote lap chnaje lidè, yon bagay ki fèt yon fwa chak 10 zan.

Vis Prezidan Xi Jinping gen pou l ranplase Misye Hu kòm chèf pati kominis la jedi 15 novanm 2012 la e lap pran plas prezidan an nan mwa mas pwochen an, alòske Vis Premye Minis Li Keqiang pral tounen pwochen Premye Minis nan plas Wen Jiabao.
XS
SM
MD
LG