Accessibility links

Breaking News

Ankèt Pantagòn nan sou Kòmandan Fòs Kowalisyon an nan Afganistan, Jeneral John Allen


Jeneral John Allen, pandan li tap pale nan La Mezon Blanch, 28 avril 2011.
Jeneral John Allen, pandan li tap pale nan La Mezon Blanch, 28 avril 2011.
Depatman Defans Lèzetazini ap mennen ankèt sou Jeneral John Allen, pi gwo kòmandan fòs militè ameriken ki nan Afganistan, poutèt li ta swadizan genyen kontak ki pa apwopriye avèk yon dam ki mele nan eskandal ki debouche sou demisyon direktè ajans ransèyman ameriken an, CIA, an palan de ansyen jeneral David Patreaus. Yon otorite wo plase nan Pentagòn nan, ki tap abòde dosye a madi 13 novanm nan, fè konnen Depatman an ap pase an revi ant 20 mil e 30 mil paj imèl jeneral Allen te twoke, ant 2010 e 2012, ak dam an kesyon an, ki rele Jill Keley.

Otorite ki pale a pa vle bay detay sou kesyon pou konnen ki sijè Jeneral Allen ak dam nan te diskite nan imèl yo; sepandan li fè konnen genyen bon jan posiblite pou sijè 2 mesye-dam yo te devlope yo, gen rapò ak ankèt otorite yo ap mennen sou Jeneral Patreaus la.

Madam Kelley se yon zanmi Misye Patreaus; se plent manmzèl te pote bay FBI konsènan kèk imèl menasan li te resevwa nan men yon lòt dam ki te genyen yon lyezon ak jeneral la, ki debouche sou demisyon direktè CIA a vandredi pase a. Lendi 12 novanm nan, pòtpawòl Pentagòn nan, George Little, te pote kèk detay sou sitiyasyon an. Misye Little di –nap site :

“Dimanch pase a, FBI te refere bay Depatman Defans la yon pwoblèm ki enplike Jeneral John Allen, kòmandan Fòs Asistans Entènasyonal pou Sekirite nan Afganistan an. Jodi a minis defans la deside ke kesyon an dwe ale devan enspektè jeneral Depatman Defans la pou ankèt; e pou le moman afè a devan enspektè jeneral la. Pandan yap mennen ankèt sou kesyon an e annatandan limyè fèt sou dosye a, Jeneral Allen ap rete nan tèt fòs entènasyonal la nan Afganistan. » fen sitasyon.

Mwa pase a, Prezidan Barack Obama te nonmen Jeneral John Allen nan tèt kòmandman militè Lèzetazini ann Ewòp la avèk posiblite pou l okipe pòs komandan suprèm fòs alye yo sou kontinan ewopeyen an.
XS
SM
MD
LG