Accessibility links

Breaking News

Etazini-Aktyalite: Reyaksyon Manm Kongrè a sou Demisyon Direktè CIA a, Ansyen Jeneral David Patreaus


 Direktè Demisyonè CIA a, David Petraeus, avèk madanm ni, Holly Petraeus, 14 fevriye, 2012.
Direktè Demisyonè CIA a, David Petraeus, avèk madanm ni, Holly Petraeus, 14 fevriye, 2012.
Ozetazini, kèk manm enfliyan Kongè a egzije plis enfòmasyon sou ankèt ki te fèt sou direktè CIA a, ansyen jeneral David Petreaus, e ki te debouche sou demisyon li nan fen semèn pase a. Vrèmanvre, Misye Patreaus, ki te prete sèman ane pase a kòm direktè ajans ransèyman Lèzetazini an, bay demisyon n vandredi 9 novanm 2012 la aprè nouvèl te parèt pou fè konnen li te mele nan yon relasyon santimantal ak biyograf li, Paula Broadwell, alòske li se yon mouche marye.

Prezidan komisyon sèvis sekrè nan Sena a, Diane Feinstein (yon senatè demokrat Eta Kalifòni), reyaji pou l di li menm ak kòlèg li yo nan Chanm Bas la te dwe okouran ankèt FBI te mennen sou afè a anvan li te eklate o gran jou. Senatè Feinstein deklare:

"Sa a, se yon bagay ki te kapab genyen move konsekans sou sekirite nasyonal Lèzetazini. Mwen panse yo te dwe mete nou okouran. Gen yon mwayen pou yo te fè sa; e mwayen an, se enfòme prezidan ak vis-prezidan komisyon 2 chanm yo. Bagay konsa te rive deja, menm si se pa nan menm nivo a ; men, okenn nan nou --prezidan e vis-prezidan 2 komisyon yo-- pa janm vyole konfidansyalite ankèt la."

Relasyon ansyen Jeneral Patreaus ak Miss Broadwell te parèt an piblik aprè FBI te kòmanse foure je gade imèl Broadwell te voye bay yon lòt fi pou agase manmzèl ; yo idantifye 2èm dam sa a kòm yon zanmi ni Misye Patreaus, ni madanm ni. Ansyen jeneral la te gen pou l komparèt devan Kongrè ameriken an pou l fè depozisyon sou atak ki te fèt, nan dat 11 septnam 2012 la, sou konsila Lèzetazini nan vil Benghazi, nan peyi Libi, kote anbasadè ameriken Christopher Stephens ak 3 lòt diplomat te pèdi lavi yo.

Vis-direktè CIA a, Michael Morell, pran tèt ajans la kòm direktè pwovizwa. E se Misye Morell ki pral fè depozisyon devan Kongrè a sou atak Benghazi a nan plas Misye Patreaus. Sepandan, kèk manm 2 chanm yo fè konnen yo byen kapab genyen pou konvoke direktè demisyonè a apre sa, pou l di sa l konnen sou dosye a.

David Patreaus se yon jeneral retrete ki resevwa anpil gwo konpliman pou jan li te dirije lame amerikèn nan nan Irak ak Afganistan; li te resevwa gwo bravo tou pou estrateji li te itilize pou l fè fas ak eleman ekstremis yo nan Irak.
XS
SM
MD
LG