Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Inogirasyon yon Prizon Modèn Bati avèk Finansman Kanada.


Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, inogire dimanch 28 oktòb 2012 la, yon prizon modèn nan Kwadèboukè, nan antre nò kapital la, Pòtoprens. Nan asistans la te genyen otorite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), reprezantan MUNISTAH (Fòs Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti), avèk manm kò diplomatik la, tou espesyalman reprezantan anbasad Kanada ann Ayiti, puiske se Ottawa ki te finanse konstriksyon nouvo penitansye sa a.

Anpil sektè –sitou milye defans dwamoun yo, ann Ayiti kou a letranje- byen akeyi ouvèti nouvo prizon sa a ki, daprè sa yo espere, pral diminye kritik ki abitye tonbe sou do responsab sistèm penetansye e kaseral la nan peyi d Ayiti poutèt kondisyon difisil ki egziste an jeneral nan prizon ayisyen yo.

Vrèmanvre, tout rapò espesyalis entènasyonal sou kesyon dwamoun pibliye aprè yon vizit nan peyi a, toujou atire atansyon sou nesesite pou responsab yo amelyore sa yo rele « kondisyon kote kretyen vivan pa sipoze viv » ki egziste nan prizon sa yo.
XS
SM
MD
LG