Accessibility links

Breaking News

Etazini - Prezidansyèl: Deklarasyon Romney sou Asistans Sosyal/ Repons Obama


Ozetazini, Prezidan Barack Obama bay premye repons li pou deklarasyon advèsè repibliken n nan, Mitt Romney, te fè pou l di preske mwatye nan elektè ameriken yo se viktim kap tann èd gratis nan men gouvènman an. Misye Obama bay repons sa a nan yon pwogram televizyon ki pase byen ta yè swa sou chèn televizyon CBS, avèk animanè David Latterman.

Misye Obama deklare:

"Mwen pa konnen de kisa li t ap pale; men gen yon bagay mwen ka di w: sè ke, lè m te ranpòte eleksyon an an 2008, 47 pou san pèp ameriken an te vote pou John McCain.
Nan sware eleksyon an, mwen te pale pou m di elektè sa yo: “Menm si nou pat vote pou mwen, mwen tande vwa nou e mwen pral travay di pou m reprezante nou kòm prezidan.” E youn nan bagay mwen aprann kòm prezidan, sè ke ou reprezante tout peyi a. E lè m rankontre ak Repibliken pandan map vwayaje atravè peyi a, mwen konstate yo te moun kap travay di pou fanmi yo e yo gen preokipasyon pou avni peyi a. Alòs, konsepsyon pa mwen, sè ke lè ou prezidan, ou pa prezidan yon gwoup moun, ou prezidan tout moun."

Pandan Misye Romney t ap mennen kanpay nan Eta Utah, li di, lè li te pale konsa, li tap eseye montre diferans ki egziste ant li-menm ak Prezidan Obama.

Mitt Romney deklare:

“Apwòch kandida Obama a se yon apwòch ki santre sou gouvènman an, kote gouvènman an pa sispann pran nan men kèk moun, pou l bay lòt moun ki panse Leta oblije ba yo asistans. Se nou tout ki panse ke, lè moun nan detrès e lè yo bezwen èd, nou ba yo asistans pwovizwaman, nou ede yo leve kanpe. Men nou pa panse Leta dwe pran nan men yon gwoup moun pou l bay yon lot gwoup.”

Aprè videyo sekrè a vin parèt an piblik, Misye Romney rekonèt se yon erè; li di se yon deklarasyon ki pa elegan, se pa yon langaj li te dwe genyen.
XS
SM
MD
LG