Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly ap Konsidere Piblikasyon Amandman Konstitisyon an


Klas politik la ak konstitisyonalis yo divize sou kesyon pou konnen si wi ou non Prezidan Michel Martelly dwe pibliye vèsyon amande konstitisyon 1987 la. Gen sektè ki kwè Prezidan Martelly anba presyon entènasyonal pandan ke gen lòt ki di piblikasyon konstitisyon amande a pa yon priyorite pou Ayiti. Pòt pawòl Gouvènman an Lucien Jurat di prezidan Martelly pran an konsiderasyon opinyon ekspè yo avan li fè anons pou l pibliye vèsyon amande konstitisyon an.

Obsèvatè yo poze kesyon tou konsènan atik nan konstitisyon an ki di gouvènman ki pibliye dokiman an pa ta dwe benefisye l—sa ta vle di msye Martelly ta dwe tann fen manda l avan li pibliye dokiman an. Lidè Pati Liberal Nasyonal ayisyen an agronòm Jean Andre Victor di prezidan Martelly ap pran yon move wout si l pibliye konstitisyon amande 1987 la.

Prezidan Michel Martelly kwè piblikasyon konstitisyon amande 1987 la ap pèmèt kreyasyon plizyè enstitisyon nan peyi a- Pwofesè Osner Fevry di Prezidan Martelly pa bezwen pibliye konstitisyon amande a pou l mete sou pye enstitisyon tankou Konsèy Elektoral Pèmanan ak Konsèy Siperieur Pouvwa Jidisyè a.

Nan pwogram Lib Tribin Sèvis Kreyòl Lavwdalamerik la, “Dyaloge Avek Lèzetaizini”, òm politik e jiris, Osner Fevry, pòtpawòl prezidans la, Lucien Jura, ak analis politik, Dr. Yves Renaud, fè deba sou 2 dosye enpòtan kap domine aktiyalite a nan peyi Dayiti, “Piblikasyon tèks amande konstitisyon 1987” ak “òganizasyon eleksyon nan fen ane 2012-la”

Klike sou ikon ki agoch la pouw koute deba sa a.
XS
SM
MD
LG